Vincent van Gogh
Pent neyèlandè (1853-1890) / From Wikipedia, the free encyclopedia
Vincent van Gogh (pwononse an olandè : /ˈvɪnsɛnt vɑŋ ˈɣɔx/; an kreyòl: Vensan Van Gòg),[1] fèt 30 mas 1853 nan Groot-Zundert (Peyiba), epi li mouri 29 jiyè 1890 nan Auvers-sur-Oise (Frans), se yon pent ak desinatè olandè. Penti l yo ki gen yon gwo aspè natiralis, epi ki jwenn enspirasyon yo nan enpresyonis ak pwentillis, anonse mouvman atistik fovis ak ekspresyonis.
Biyografi | |
---|---|
Non matènèl | Vincent van Gogh |
Nasyonalite | Wayòm Peyiba (en) |
Nesans | |
Lye nesans | Zundert (en) |
Lanmò | (ak 37 ane) |
Lye lanmò | Auvers-sur-Oise (en) |
Mouvman | Postimpressionnisme (en) ak Ekspresyonis |
Zèv prensipal | |
Zèv prensipal | Les Mangeurs de pommes de terre (en), Terrasse du café le soir (en), La Nuit étoilée (en), La Chambre de Van Gogh à Arles (en), Les Tournesols (en), Autoportrait à l'oreille bandée (en), Paysage d'Auvers après la pluie (en), Champ de blé aux corbeaux (en) ak Tête de paysanne à la coiffe blanche (en) |
modifye - modifye kòd - gade Wikidata |
Van Gogh te grandi nan yon fanmi ansyen boujwa. Li te premye eseye fè karyè kòm machann atizay nan Goupil & Cie. Sepandan, paske li te refize wè atizay kòm yon machandiz, yo revoke l. Lè sa a, li te vle vin yon pastè, menm jan ak papa li ki te yon pastè, men li pa pase egzamen teyoloji yo. Zòn 1880, li lage kò l nan penti. Pandan ane sa yo, li te kite Lawolann pou Bèljik, epi li al rete an Frans. Vincent etidye penti ak desen alafwa kòm yon otodidak, kididonk pou kont li, epi li pran leson tou. Ak anpil pasyon, li pa janm sispann anrichi konesans li nan zafè penti: li analize travay pent nan epòk li a, li vizite mize ak galri penti, boukante lide ak zanmi pent li yo, li etidye estanp japonè, litografi (penti sou wòch) anglè, elatriye. Penti li yo montre pil rechèch li fè ak lajè konesans atistik li. Sepandan, lavi li chaje ak kriz ki montre enstabilite mantal li. Youn nan yo lakòz li touye tèt li, a laj 37 an.
Pil Korespondans van Gogh pèmèt nou pi byen konprann li. Li konsiste de plis pase 800 lèt ekri pou fanmi li ak zanmi, ki gen ladan 652 lèt voye bay frè li. Theo [2], ak ki moun li kenbe yon relasyon sere tou de pèsonèlman ak pwofesyonèl.
Travay Van Gogh la konpoze de plis twal ak desen ki date sitou nan ane 1880. Li fè eko milye atistik Ewopeyen an nan fen 19yèm syèk la. Li te enfliyanse pa zanmi pent li yo, miyò Anthon van Rappard, Émile Bernard ak Paul Gauguin. Li fè echanj opinyon tou ak frè l Theo, yon machann atizay byen li te ye. Li admire Jean-François Millet, Rembrandt, Frans Hals, Anton Mauve ak Eugène Delacroix, pandan li ap tire enspirasyon nan Hiroshige, Claude Monet, Adolphe Monticelli, Paul Cézanne, Edgar Degas ak Paul Signac.
Nan ane 1890 yo, se sèlman yon ti kantite otè ak pent ki te remake Van Gogh nan Lafrans, Netherlands, Bèljik ak Dannmak. Sepandan, nan ane 1930 yo, travay li yo te atire 120 000 moun nan yon espozisyon nan Museum of Modern Art, Nouyòk. Kounye a li konsidere kòm youn nan pi gwo atis tout tan